25.6.10

Multilink, Teresta Group ak Aethra.net ede Inivésite Quisqueya a an Ayiti nan bali ekipman videokonferans ak sèvis

Pòtoprens, 25 jen 2010 – Teresta Group Inc. ak Aethra.net, an kolaborasyon ak Multilink S.A., bay an don yon systèm videokonferans a Inivèsite Quisqueya an Ayiti. An plis, Multilink bali sipò teknik ak konektivite wo-debi gratis pou dewoulman aktivite videokonferans li yo.

Inivèsite Quisqueya te pran anpil nan tramblemanntè a nan mwa janvye dènye. Trajedi sa a kraze tou le de kampis li yo, pami lèkèl sa li te gen yen ki te fèk reamenaje, e ki te abrite yon jaden botanik ak yon mize dar. Konstwi gen yon ventan de sela, enstitisyon ayisyen empòtan sa a patisipe nan anpil pwogram kooperasyon pou fòmasyon ak rechèch ak de inivèsite kanadyen e eropeen. Li gen prèske de mil etidyan ki frekante’l. Depi komansman li, anpil nan yo pote yon kontribisyon solid a zefò sibvansyon li bay kominote a, a travè de klinik andeyò ki mobil ak etablisman yon pwogram ankadreman pou timoun nan kan refijie yo.

Videokonferans yo ak lòt inivèsite yo se youn nan mwayen yo ki pèmèt etidyan yo kontinye etid yo. Dapre rektè Jacky Lumarque : « Pi gwo defi nou gen pou leve konsiste nan remete inivèsite a an fonksyonman yon fason ki pral dire. Pou sa, nou gen pou konsevwa depi kwèlya a tout kondisyon ki pral pèmèt nou kontinye bay fòmasyon ak sèvis a kominote a, e sa a san batiman administratif ak klas yo. Teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon yo bannou yon mwayen aktif pou deklanche transisyon sa a. Nan yon tan pli devan, yo reprezante yon chwa ki konvni pou enstitisyon nou a. »

Tresta Group, Aethra.net ak Multilink, kontan ede Inivèsite Quisqueya nan leve defi sa a, nan ranfòse kapasite videokonferans li yo. Stephane d’Amours, dirèktè ak kominikasyon nan Multilink declare ke « se yon enstitisyon pwogresis ki favorize vreman devlopman dirab la an Ayiti », « Zefò yo kap kenbe nan espwa rann edikasyon a pou tout moun an Ayiti enskri yo totalman nan vizyon Multilink la ki souwete rann teknoloji dijital yo pi aksesib a Ayisyen yo. Nou gen anpil fyete pour nou aisiste yo. »

Teresta Group
Teresta Group la se yon lidè ameriken nan domèn ekipman videokonferans. Antrepriz la distribye materyel audiokonferans tou, de aparey ak de testè pou rezo ak de sistèm multikonferans egalman.

Aethra.net
Aethra.net se yon lidè sou mache italyen a nan sèvis konferans. Antrepriz sa ki soti nan Groupe Aethra nan komansman lane 90 yo, gen yon karaktè komèsyal endepandan de li.

Multilink S.A.
Multilink S.A. se yon founisè ayisyen sèvis entènèt ki gen yon lisans telekominikasyon. Chwa nimewo 1 de gwo antrepriz yo ak entistisyon yo an Ayiti, antrepriz la vle patisipe nan devlopman peyi a ak kalite vi majorite ayisyen yo nan pèmèt yo profite totalman de entènèt la.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire