4.6.10

Multilink ap ofri solisyon e-mail maketing CakeMail nan peyi d’Ayiti ak Karayib la

Potoprens, 4 jwen 2010 – Multilink santi’l kontan anonse nominasyon li tankou revandè otorize CakeMail, yon solisyon web pou e-mail maketing gwo zafè ki gen elastisite. Ako revant sa a otorize Multilink pou li vann solisyon sa a an Ayiti ak tout lot peyi nan Karayib la.

Solisyon web CakeMail la etabli tèt li ak lot platfòm e-mail maketing yo pou elastisilte’l ak envitasyon entèfas li ki rann li fasil pou itilize tankou yon tex wap trete. Li pèmèt antrepriz yo telechaje ak jere de lis ekspedisyon, kreye epi lanse de kampay piblisite
« vize ak suiv rezilta nan tan reyèl la. » Ak CakeMail, antrepriz ak oganizasyon yo kapab detèmine fasilman moman ki pi bon a pou yo ekspedye kouryel yo ak maximize nan fason sa a rannman kanpay li yo. An plis, se yon solisyon plizyè lang ki gen yon konstriksyon ki louvri, CakeMail adapte li trè byen a yon gwo variete aplikasyon entèmedyè.

Valè Cakemail la si nou konpare’l ak rannman’l pèmèt Multilink ofri antrepriz yo ak oganizasyon yo yon solisyon total kle nan men a yon pri chak mwa ki ka fè fas a konpetisyon a. An tan ke kanal dirèk, e-mail maketing la ofri retou ki miyò sou envestisman prensipalman pou tèt pri bon mache’l la; itilizasyon CakeMail la pèmèt devlope plis retou sou envestisman an.

« CakeMail reprezante yon bagay an plis sou sèvis solisyon ki gen valè an plis yo pou antrepriz yo » se yon deklarasyon Stephane d’Amours, direktè maketing ak kominikasyon nan Multilink. Platfòm anraje sa a adapte san pwoblèm a bezwen mache Ayiti a ak Karayib la. Li pèmèt antrepriz ayisyen yo profite nan maximum tout posibilite e-mail maketing la a yon pri byen ba. »

Responsab yon seri kanpay wo nivo, tankou Obama Minute ki te finanse kanpay prezidansyel Barack Obama an 2008, chwazi CakeMail tankou platfòm e-mail maketing la. Nan yon tan kout, Multilink ape prevwa solisyon web sa a pral chwa nimewo 1 antrepriz Ayiti yo ak Karayib la.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire