24.5.10

Multilink bay konektivite wo-debi pou konferans entansyonal GRAHN sou rekonstriksyon Ayiti

Pòtoprens, 24 me 2010 – Multilink gen fyète ke li te patisipe nan siksè dènye konferans entènasyonal Group Refleksyon ak aksyon pou yon Ayiti nouvo (GRAHN) antan ke founisè konektivite wo-debi. Konferans sa a ki enterese nan konstriksyon Ayiti, te retransmèt an dirèk a pati de Monreyal sou Pòtoprens nan 20 ak 21 mai dènye.

Gras a enplikasyon Multilink, retransmisyon evènman a ki te fèt an videokonferans, te pèmèt patisipan yo echanje an dirèk a pati de lekol politeknik Monreyal la ak Restoran Le Villate nan Petionvil. GRAHN teka konte prensipalman sou patisipasyon nan Pòtoprens de Ambasadè Edmond Mulet, reprezantan espesyal Sekretè general lONI an Ayiti e Chef misyon pou stabilizasyon Ayiti, ak patisipasyon anpil lot entèvenan de Kalite.

Nan fè apèl a sèvis Konektivite wo-debi Multilink, GRAHN la bay yon nouvo dimensyon pi dinamik ki ouvri a konferans entènasyonal yo sou Ayiti. Tankou Stephane d’Amours, ki se direktè maketing ak kominikasyon Multilink te souliyen li : « Konferans entènasyonal GRAHN la se yon bel exanp itilizasyon nouvo teknoloji kominikasyon pou fasilite yon dyalog reyalis ant entèvenan Ayiti yo ak sa lòt bò yo.»

Aucun commentaire:

Publier un commentaire