29.6.10

Multilink bay konektivite entènet gwo-vitès gratis a Sant media Haiti Rewired nan Hotel Oloffson nan Pòtoprens

Pòtoprens, 29 jen 2010 – Founisè ayisyen ki bay sèvis entènèt Multilink pral founi aksè vitès-rapid la gratis a Sant media ki lanse pa Haiti Rewired nan Hotel Oloffson Pòtoprens la. Sant media yo pral resevwa sèvis a pati de yon pwen aksè san fil WiMax dedye 1Mbps, sak pral asire yon koneksyon entènèt garanti autan a blogè yo e a jounalis Haiti Rewired yo ke amploye ak klian Hotel Oloffson la.

Lanse pa moun Wired.com yo tou swit apre tramblemanntè a, Haiti Rewired se yon kominote entènèt ki konsantre’l an kolaborasyon sou rechèch solisyon teknoloji ak enfrastrikti pou Ayiti, pendan peyi ap planifye avni li. Fòme ak plis ke 1300 membres, kominote sa a gen spesialis ak entèvenan nan tout domèn yo e li te pataje jiska jodi a de milye blog, imaj ak komantè sou de dosye trè varye sou teknoloji, kominikasyon, enfrastrikti, agrikilti ak anpil lòt bon zafè.

Evan Hansen, redaktè an chef Wired.com souliyen ke «Gwo rezilta reallize pa Haiti Rewired ak mamb li yo demontre sa yon kominote entènèt kapab ekzekite ». «Gras a Sant media yo ak nouvo koneksyon entènèt la, mamb nou yo nan Pòtoprens ap kapab profite de yon kote ki gen sekirite pou li transmèt e pataje de lide. Moun sa yo reprezante yon vwa enpòtan e patisipasyon yo vital pou pote chanjman a. »

Multilink se youn de byenfetè yo gras a kilès projè sa a te ka realize. Gen de lòt entèvenan ki pote tou yon kontribisyon empòtan a realizasyon li, swa Richard Morse, ki se proprietè Hotel Oloffson, ki mete a disposisyon sal ki sèvi de Sant pou media yo, ak Conde Nast, ki te ofri ak anpil genewozite òdinatè yo.


Sou Multilink S.A.
Multilink S.A. se yon founisè ayisyen ki bay sèvis entènèt ak yon lisans telekominikasyon. Chwa nimwo 1 pami gwo antrepriz ak entistisyon yo an Ayiti, antrepriz la vle kontwibye a devlopman peyi a ak nan kalite vi majorite ayisyen yo nan pèmèt yo profite de entènèt la o maximum.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire