21.4.10

Multilink S.A. anonse nominasyon M. Michel Pelletier nan pos Direktè Operasyon yo

(Pòtoprens, 21 avril 2010) – M. Paolo Chilosi, ki se Direktè General Multilink S.A. kontan anonse nominasyon M. Michel Pelletier nan pòs Direktè Operasyon yo.

Nan nouvo kad fonksyon M. Pelletier yo, li pral travay pou maximize tout operasyon antrepriz la pou li asire devlopman gwo plan expansyon Multilink antreprann yo. Plan expansyon sa a ap prepare sitou pou li agrandi rezo a nan nivo nasyonal la e pou li ofri de sévis entènèt aksesib a tout majorite fanmi ak antrepriz peyi d’Ayiti a.

M. Pelletier diplòme enjenyè nan Inivèsite Kebek la. Fòmasyon akademik li ak 25 lane experyans li akimile an Ayiti nan gesyon operasyon yo, reprezante tout eleman yo ki pral rapòte anpil nan viktwa Multilink la.

Tout dènye ane sa yo, M. Pelletier dirije sitou operasyon Industries Acra yo, Brasserie La Couronne ak Entreprises Claude Duval yo. Li se ko-fondatè ak premye vis-prezidan Chanm Komès Ak Endistri Aysyano-Kanadyen a (CCIHC) tou.

Paolo Chilosi,
Direktè General
Multilink S.A.


Sou Multilink

Kreye nan ane 1995, Multilink se chwa nimewo 1 gwo antrepriz ak endistri yo an Ayiti pou tèt rapidite’l, fyabilite’l ak kalite eksepsyonel sèvis li yo a kliyantèl la. Depi 10 zan, Multilink komèsyalize ak gwo viktwa yon longè lis sèvis a klyan nan kay yo, PME, gwo antrepriz ak enstitisyon yo.

Multilink kwè tout bon ke founisè sèvis entènèt yo gen yon gwo ròl pou yo jwe nan devlopman ekonomik e sosyal peyi d’Ayiti. Objektif nou, se pa selman devlope yon mache ; nou gen pou nou patisipe tou nan devlopman yon peyi e nou gen pou rann miyò tout pwobabilite avni popilasyon li.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire