26.4.10

Google fèk nonmen Multilink revandè otorize pou Google Apps yo

Pòtoprens, 26 avril 2010 – Multilink gen gwo plezi anonse deziyasyon li antan ke revandè otorize Google Apps Premier Edition yo, ki se yon pakèt aplikasyon web ekonomik ak gwo kapasite pou antrepriz ak òganizasyon yo. Antant revant sa a, ki siyen ak Google, otorize Multilink vann sèvis li yo nan peyi d’Ayiti ak tout lòt peyi amerik latin yo.

Gwoup Google Apps Premier Edition la ki gen gwo efikasite, sekirite ak fiyabilite, se yon solisyon nan yon kolaborasyon total ki pèmèt pou tout gwosè antrepriz ka gen kapasite pou yo maximize kominikasyon ak operasyon yo pandan yap minimize depans T.I. yo. Gen plis ke 2 milyon antrepriz ak oganizasyon ki itilize kalite aplikasyon sa yo ak yon pakèt mil lòt ki adopte yo chak jou.

Multilink, pa gen okenn dout ke Google Apps Premier Edition yo pral fè mem gwo tapaj an Ayiti, kote depans kob T.I. a reprezante yon gwo fanfawonay pou anpil antrepriz ak oganizasyon yo. Ak yon tarif mwayen ki pa twò chè pou chak itilizate yo. Antrepriz sa yo ap gen aksè a tout yon seri gwo zouti pou yo kapab reponn a tout sa yo ka bezwen nan zafè kominikasyon, kolaborasyon, travay ekip yo, stokaj, sekirite, video, kreasyon ak echanj dokiman, konsepsyon ak gesyon sit web yo. Chak aplikasyon empòtan sa yo disponib nan yon vèsyon mobil, sak pral pèmèt itilizate yo gen aksè nimpòt ki kote yo ye.

« Google Apps Premier Edition yo adapte totalman a yon mache tankou Ayiti », dapre sa Stephane d’Amours, direktè maketing ak kominikasyon nan Multilink la di nou. « Nap pale la a de yon solisyon empòtan, fasil pou gaye tout kote, fasil pou itilize, anplis li nan longè poch tout moun. Multilink ap devlope de asosiyasyon ak antrepriz ki gen yon klas mondyal, pou li sa ofri de solisyon pou biznis ki byen adapte nan mache ayisyen an. Nou vle patisipe nan devlopman antrepriz ak òganizasyon Ayiti yo nan ofri yo tout pi bon zouti ki disponib yo, tankou Google Apps Premier Edition yo.

Sous:
Stéphane d’Amours, Dir., Marketing et Communications
sdamours (at) multilink-ht.net


Aucun commentaire:

Publier un commentaire