22.2.10

MULTILINK AP DEPLWAYE YON REZO LIJANS E AP OFRI DE SEVIS ENTENET GRATIS AK REDIKSYON SOU TARIF LI YO POU ED AK REKONSTRISYON NAN PEYI D’AYITI

Multilink renouvle tout santiman solidarite li pou sitwayen yo, antrepriz ak enstitisyon Ayiti yo, kap fè fas a eprèv sa a, ke nou tout nap travèse . Nou angaje tèt nou depi komansman tout aktivite yo, nan zefó èd ak rekonstriksyon yo.

Rezo entènèt lijans
Nap travay koulie a ak bèl sipò patnè nou yo, pou nou maximize tout enfrakstrikti kominikasyon yo e nap deplawye yon rezo entènèt lijans tout kote. Nan kèk semèn, nou gen plan miltiplye kapasite nou genyen a, pou nou sa reponn a nesesite ki gen plis lijans.

Sèvis a òganism yo
A pa ekspètiz ak teknoloji rezo li ofri a, antrepriz nou an bay sèvis entènèt gratis, ak rediksyon sou pri yo oswa sou pri nòmal yo a anpil òganism imanitè yo, gouvènman yo, lekol yo ak tout lòt yo. Oganizasyon ki benefisye de sèvis nou yo se :

Gouvènman d’Ayiti, Unicef, OCHA, US Army, Lame Canada, Lame Bresil, Catholic Relief Service, Ajans Fransèz devlopman a, CICR, PADF, Orphelinat The Future of Haiti, Peace Dividend Trust, HMSME / USAID, OMS-OPS, World Concern Haiti, Net Hope, SOS Jounalis, Radyo Mega, Radyo Tele Eclair, Radyo Eneji FM, Radyo Vision 2000, Radyo RFM, Jounal Le Matin, Inivèsite Quisqueya, Inivèsite d'Eta d'Ayiti, Inivèsite G.O.C., Ajans Inivèsite Frankofoni a (AUF).

Misyon Multilink la nan èd la, rekonstriksyon a ak devlopman a
Trajedi ki frape peyi nou fò, demontre ròl empòtan entènèt la nan sityasyon kriz ak katastròf, lè mwayen kominikasyon tradisyonel yo pa disponib ankò. Depi tramblemanntè 12 janvye sa a ki fèk pase a, sèvis entènèt Multilink yo pa jamn sispann mache. Nan mitan aksyon a depi’l te komanse, nou se premye yo ki tap transmèt video an direk apati d’Ayiti, pou kenbe yon pon nan kominikasyon ak rès planèt la.

Multilink konprann trè byen misyon founisè entènèt yo gen pou yo ofri, nan kou tèm, nan èd a sitwayen d’Ayiti, e nan lon tèm, nan rekonstriksyon peyi nou.

Nou vle renouvle remèsiman nou yo a tout pèsonèl nou a pou kouraj li ak atachman li nan moman difisil sa yo; nap remesye tou tout patnè nou yo, ak zanmi nou yo, Aethra-Teresta Group, Cisco, Fujitsu, Google, OneMax, Tricom. Witech, e tout lòt yo, pou bèl ak gwo sipò sa a yo bay san rete. Se ak èd nou tout ke nap kapab rebati Ayiti.

Kontak
Ou ka kontakte nou nan (509) 2949-2929 / 2511-3411 / 2513-5502 / 2512-5202 / 2940-8076, oswa vizite nou nan syèj sosyal nou nan Delmas 18 (1e etaj sou SCOTIABANK) oswa konsilte sit Web nou a nan : http://multilink.ht

Sous:
Stéphane d’Amours, Dir., Marketing & Communications
sdamours (at) multilink-ht.net

Aucun commentaire:

Publier un commentaire