23.1.10

Multilink ak patnè li yo ap devlope yon rézo ijans an Ayiti

Nan malè sa a, ke nou tout ap travèse, Multilink mete kòl nan yon gwo solidarite ak pèp Ayisyen an, enstitisyon li yo, ak antrepriz li yo.

Nap travay kounyea ak patnè nou yo pou nou sa maximize efikasite tout aparey kominikasyon yo, pou nou sa devlope yon rézo entènèt ijans tout kote. Ekip teknik nou yo gen posibilite tou pou yo realize de nouvo enstalasyon selon demand la.

Malè sa a ki frape peyi nou nan zantray nou, demontre nesesite tout bon vre ke entènèt la genyen nan sityasyon kriz oswa katastròf yo, sitou lè mwayen kominikasyon tradisyonel la pa fonksyone ankò. Depi tranblemanntè ki fèk pase nan 12 janvye sa a, sèvis entènèt Multilink yo pa janm sispann mache. Nan mitan aksyon a, depi komansman an, nou te premye ki tap retransmèt video an direk, depi Ayiti, sa kite sitou pèmèt nou kenbe kominikasyon tout tan ak rès planèt la.

Multilink konprann trè byen misyon ke founisè ki ofri sèvis entènèt yo gen pou akonpli, nan koutèm, nan èd a sitoyen Ayiti yo, e nan lontèm, nan rekonstriksyon peyi nou.

Nou ta vle remèsye pèsonèl nou a pou kouraj ak atachman li demontre nan moman difisil sa a. Nou vle remèsye patnè nou yo tou, ak zanmi nou yo, tankou Cisco, Fujitsu, Google, OneMax, Tricom, Witech ak tout lezòt yo, pou gwo sipò ak efikacite yo. Se ak sipò nou tout, ke nap kapab rebati Ayiti !

Kontakte Multilink nan (509)
2949-2929 / 2511-3411 / 2513-5502 / 2512-5202 / 2940-8076, oswa vizite lokal nou a, nan Delmas 18 (SCOTIABANK).

Multilink prezante senpati li yo a tout fanmi Ayisyen yo.

Nou tout viktim !

Aucun commentaire:

Publier un commentaire