26.8.10

Multilink ofri de sèvis data dènye kri sou majorite teritwa ayisyen a ak teknologi mikro-onn Nokia Siemens Networks

Multilink gaye rezo mikro-onn Nokia Siemes Networks yo pou yo sa ogmante kapasite a ak kouvèti li.

(Potoprens, Ayiti – 19 daout 2010) Multilink gaye sèvis data gwo kalite li yo, ak VoIP a (Voice Over IP), pou yon pi gwo kantite klyan abone sou majorite teritwa ayisyen a. Ak rezo mikro-onn Nokia Siemens Networks la, Multilink te vinn kapab ogmante kapasite a ak kouvèti rezo li.

« Trafik done yo ogmante tout tan », di nou Paolo Chilosi, direktè jeneral Multilink. « Se pou sa li te nesesè pou nou, pou nou te reponn a demann ki tap devlope a pou bay de sèvis gwo kalite. Konsideran gwo ekspètiz li nan ogmantasyon kapasite rezo yo ki itilize teknoloji mikro-onn yo, Nokia Siemens Networks te reprezante nan je nou patnè ideyal la.»

« Karayib yo konstitiye yon mache an devlopman ak anpil bagay enteresan pou de peyi ki jwen tèt yo nan diferan nivo devlopman nan zafè telekominikasyon. », te konstate Michael Jakob, direktè devlopman zafè rezo fiks yo nan karayib yo, kay Nokia Siemens Networks la. « Tout mache sa yo gen yon bagay an komen, ki vle di : demann sèvis done ki gen kalite siperyè. Gras a solisyon nou yo, Multilink te kapab ogmante kapasite rezo li nan yon fason pou li pote satisfaksyon a demann an devlopman an pou de sèvis data denye kri nan peyi d’Ayiti, ak posibilite an menm tan pou li kontribye nan solisyon ti penetrasyon sèvis gwo lajè bann yo nan peyi sa a. »

Selon akò nan kontra a, Nokia Siemens Networks mete an plas yon premye plan rezo mikro-onn pou Multilink, kap pèmèt operatè a pou li gaye rezo transpò li a ak kapasite li pou li reponn fasilman a ogmantasyon trafik data yo, tandi ke li ka kenbe depans operasyon nan yon pri ki ba. An plis, solisyon a te pèmèt Multilink itilize tou lajè bann la nan yon fason ki bay gwo rannman, ki ofri nan fason sa a yon eksperyans san limit a itilizatè final yo.

Nokia Siemens Networks founi egalman de eleman enfrastrikti pou alimantasyon rezo operatè a. Nan sitiyasyon pann, nouvo solisyon ki bay pi gwo rannman alimantasyon ap founi de sèvis ak anpil ekstansyon e sou kilès yo ka konte nan rezo Multilink. An plis proteksyon rezo a, li ka founi yon alimantasyon rezèv, solisyon sa a ki gen wo nivo konfigirasyon ap kenbe kont tou de devlopman avni li ak bezwen ki vinn de li yo.


Sou Multilink S.A.
Kreye nan lane 1999, Multilik se yon founisè ayisyen sèvis entènèt ak solisyon pou biznis. Oriante sou kliyan e akse sou teknoloji, Multilink se premye antrepriz ki te ofri konektivite entènasyonal san satelit a gwo piblik la nan peyi d’Ayiti. Antrepriz komèsyalize tou ak anpil siksè yon gamm komplè solisyon pou transmisyon data ak telekominikasyon. Multilink se younn pami kat konpayi ayisyen yo ki posede yon lisans ak de frekans nesesè pouli opere yon rezo WiMAX, yon teknoloji aksè entènèt ki gen gwo pèfòmans nan efikasite. Chwa nimwo 1 gwo antrepriz yo ak enstitisyon yo an Ayiti, Multilink ap chache pote kontribisyon li nan devlopman ak lavi miyò a majorite pèp ayisyen a nan fè yo benefisye nan maximum avantaj entènèt la.

http://www.multilink.ht


Sou Nokia Siemens Networks
Nokia Siemens Networks se yon chef fil nan lemonn nan zafè sèvis telekominikasyon. Akse sou inovasyon ak dirabilite, antrepriz la ofri yon gamm komplè teknoloji rezo mobil, fiks e ki raproche li de lòt yo, ansanm ak sèvis profesyonel ak yon sèvis-konsèy tou menm jan ak entegrasyon, deplwaman, antretyen ak gesyon sistèm yo. Nokia Siemens Networks se younn nan pi gwo founisè nan lemonn nan ekipman lojisiyel ak nan sèvis profesyonel nan telekominikasyon. Katye jeneral antrepriz saa ki ap fonksyone nan plis ke 150 lòt peyi, chita nan Espoo, nan peyi Fenlann.

http://www.nokiasiemensnetworks.com

Aucun commentaire:

Publier un commentaire