20.7.10

Multilink S.A. anonse nominasyon M. Jephté Toussaint nan pòs Direktè Enfrastrikti yo

(Pòtoprens, 20 jiyè 2010) – M. Paolo Chilosi, Direktè General Multilink S.A. pran plezi anonse nominasyon M. Jephté Toussaint nan pòs Direktè enfrastikti yo.

Ak tit sa a, M. Toussaint pral travay nan amelyorasyon rannman ak fonksyonman enfrastrikti antrepriz la. Li pral tou patikilyèman sipèvize devlopman nouvo rezo Wimax Multilink la ak ekstansyon nan gwo vil provens yo.

Pami tout bel kalifikasyon li yo, M. Toussaint gen de diplòm nan jeni enfòmatik, ak nan jeni elektrik lekol politeknik Montreal la. Li gen yon konesans solid de T.I., sitou nan zafè rezotik ak kominikasyon, ak plizyè lòt lane gwo eksperyans. Prezans li nan mitan ekip Multilink la reprezante yon gwo avantaj pou antrepriz la.

Nan dènye lane sa yo, M. Toussaint, te okipe pòs analis biznis TI a ak pòs ajan projè Fòs lame Kanadyen an. Fonksyon li yo te konsiste sitou nan evalyasyon realisasyon projè yo nan kantite kob li pral koute, nan bezwen, nan empak ak nan aliyman strategik nan kad enplantasyon nouvo sistèm rezotik li ak nan telekominikasyon yo. M. Toussaint te dirije egalman antrepriz BSystem Inc., antan ke prezidan.

Nominasyon li antan ke Direktè Enfrastrikti yo vinn nan yon moman enpòtan pou Multilink, pandan antrepriz la ap voye monte plan devlopman li. Selon plan sa a, Multilink gen projè pou li agrandi rezo li nan nivo nasyonal la ak ofri de sèvis entènèt nouvo aksesib a gwo majorite fanmi ak antrepriz ayisyen yo.

Paolo Chilosi,
Direktè general
Multilink S.A.


Sou Multilink S.A.

Kreye nan lane 1995, Multilink se chwa nimewo 1 gwo antrepriz ak enstitisyon yo an Ayiti pou rapidite li, fiyabilite li ak kalite eksepsyonel sèvis kliyantèl la. Sa fè di zan ke Multilink komèsyalize ak siksè yon gam komplè sèvis pou kliyan kay prive yo, PME, gwo antrepriz ak enstitisyon yo.

Multilink kwè tout bon vre ke founisè sèvis entènèt yo gen yon ròl empòtan pou yo aplike nan devlopman ekonomik e sosyal peyi d’Ayiti. Objektif nou se pa sèlman devlope yon mache ; Se sitou egalman pou nou patisipe nan devlopman yon peyi ak pote amelyorasyon nan pèspektiv avni popilasyon li.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire